🎵
Paka Viv Avèl Paka Viv San Li

Paka Viv Avèl Paka Viv San Li

Wendyyy

Lyrics
Li se tout sa m'rayi
Tout sa'm renmen
Tout sa'm bezwen
E se tout sa'l mennen
M'renmen tout sa'l fè
Tout jan'l ye
M'veye tout ti jès
M 'veye tout sak brennen
M'se definisyon tout sa krezi ye
M'pa vle wè'l men'l se tout sa'm dezire
Li fè'm konn sak lanmou e tout sa plezi ye
Sèl li ka konpatib avè'm nan tout sa'm mezire
Son lanmou k'grandyoz
Li'k siksèl
Yon lanmou sikre sale
Yon lanmou siksèl
Lè'm malad pou'm geri fò'm jwenn yon kiss plis èl
Lè'l pala m'pa kapte m'tankou digicel

Li fè'm tout sa m'rayi
Fè'm kwè tout sak pa vre
Pa wè lavi'm san li
Poutan se tout sa m'pa vle.
Mwen pa ka viv avè'l
Poutan m'pa ka viv san li
Mwen pa ka viv avè'l
Poutan m'paka viv san li
Mwen pa ka viv avè'l
Poutan m'pa ka viv san li
Mwen pa ka viv avè'l
Poutan m' paka viv san li

Nou pap pase 2 jou san'n pa goumen
Men'm pa konplè lè' m santi'l lwen
Li se tout sa m'rayi
Men son medikaman li ye pou mwen
Li fè'm adikte
fè kè'm palpite
A chak fwa m'deside ale m'pa ka kite
Li fè'm santi m'byen fè'm santi m'ap viv
Chak jou banm manti fè'm santim nayiv
Li se gwòg mwen pa gen jou m'pa iv
Pa ka kontwole'm oh qu'est ce qui m'arrive
Li fè'm adikte
Fè kè'm palpite
Li fè'm akro a chak lè'm deside ale m'pa ka kite.

Yooh li fè'm asepte manti poutan m'konn verite
Sa'm santi a pifò poutan m'konn vle lite
Chak jou pase m'damou plis men chak jou m'vle kite
Menm player m'paye ankò m'evite chak kou'l merite

Li konn jan'm pou'l piti jan pou'm pa klè
Li konnen'l ka fè'm obeyi menm si m'pa kwè
Ou konnen'l renmen'm menm m'gen dout m'pa kwè
E nou tou lè 2 avèg nou konsyan men'n pa care
Sou anpeche'm goute siro sa ou ka pa fè yon ka
M'pa kite kounyea nitou m'paka fèl nan ta
Pou sa'l fè pou mwen pagen yon lòt kap ka fè yon ka
Kè'm nan men'l e m'resziye'm m'pap ka fè yon pa

Li fé'm tout sa'm rayi
Fè'm kwè tout sak pa vre
Pa wè lavi'm san li
Poutan se tout sa m'pa vle
Mwen pa ka viv avè'l
Poutan m'pa ka viv san li
Mwen pa ka viv avè'l
Poutan m'pa ka viv san li

Mwen pa ka viv avè'l
Poutan m'pa ka viv san li
Mwen pa ka viv avè'l
Poutan m'pa ka viv san li

Hooooouuuu
M'pa ka viv san li
Yeah yeah Yeah yeah Yeah yeah