🎵
Sans inik (feat. Wendyyy)

Sans inik (feat. Wendyyy)

Vanessa Desire

Lyrics
Dis-moi pourquoi
Tu ne tiens jamais tes promesses
Alors voudrais tu que je reste
Dit moi pourquoi
Pourquoi autant de tristesse alors voudrais tu que je reste
Se pa sa'n te ni non
Se pa sa'n te di
Ou te di nap ansanm pour le meilleur pour le pire
C'est pas ce qu'on a dit non c'est pas ce qu'on s'est promis
We said we'll stay for ever for ever and ever

Lanmou oh se pa sens unique oh
Si ndwe soufri nap soufri ansanm
Si ndwe rejui nap rejui ansanm
Lanmou oh se pa sens unique oh
Nap envesti envesti ansanm
Lè nap vyeyi nap vyeyi ansanm

Ou fèm yon fwa yon dezyèm fwa
Nou diskite nou di sa pap repete ankò ankò ankò
Maturité se lèw gen kouraj
Pou pote pwa chak pawòl bouch ou te pwononse chak angajman ou pran

Di mwen konbyen fwa mfèw kriye mwen menm
Konbyen?
Konbyen fwa m derespekte w Konbyen
Konbyen fwa w tande m a goch ou tande m a dwat dim
Konbyen?
Konbyen fwa m desi w mwen menm
Konbyen?
Konbyen fwa m fè w kriye tou
Konbyen?
Konbyen fwa m twonpew mwen menm
Konbyen?
Kot konsyans ou ye

Men dim kisa pou m fe
Pou lem dil ou pa janm doute l
A quoi Bon poum dil
Lem dil ou pa janm koutel
Mpaka konte konbyen
Konbyen fwa poum repete l
Konbyen fwa poum diw renmenw
W' just pa renmen janm montrel
Konbyen fwam baw rezon
M'aksepte menm sam pa fe
Konbyen fwa m diw ap toujou gen erè mpa pafè
Se vre mpa fe tout sam te pwomet men mfe sam ka fe
Olye w apresye sam fe
Ou fokis sou sam pa fè
Konbyen fwa mte ka krazon kite sa
Menm reziye
Konbyen fwam diw avew okenn lot fanm paka mezire
Se vrem te gen lòt dezi
Men a chak fwam Desi
Yo just konfime m se sel vanessa k konn sam Dezire
Hein?
Konbyen fwa poum repete?
Konbyen fwa poum avwe kem regrete?
Relasyon ap gen sans
Lew admet kew son Sinik
Siw pa vle wel nan tou deux sans
Wap toujou wel sans Inik

Konbyen fwa mfè w kriye mwen menm
Konbyen?
Konbyen fwa mderespektew Konbyen
Konbyen fwa w tande m a goch ou tande m a dwat dim
Konbyen?
Konbyen fwa m desi w mwen menm
Konbyen?
Konbyen fwam fèw kriye tou
Konbyen?
Konbyen fwam twonpew mwen menm
Konbyen?
Kot konsyans ou ye

Lanmou oh se pa sens unique oh
Si ndwe soufri nap soufri ansanm
Si ndwe rejui nap rejui ansanm
Lanmou oh se pa sens unique oh
Nap envesti envesti ansanm
Lè nap vyeyi nap vyeyi ansanm

Pourquoi autant de tristesse alors voudrais tu que je reste