🎵
Full package by Vanessa Desire album cover

Full package

by Vanessa Desire

Lyrics
M pa janm twò cho
Men m ka boule w frèt

E si w twò cho m fout yon po dlo frèt
M pa nan nen frèt

M leve nan mitan yon bann OG
M paka fake
Pa gen defèt
Yoooo

Lari a konnen l
Salon an konnen l
Talan m makonnen
Ak reyalite m talè w a konnen
Lòt yo pa ka kon mwen
Ou better poze w makomè poze w

Vanessa is the Name
Fanm nèg w ap fou pou li a
Dezire a l ap ba w min

W etone? Ebyen w fèk vini
Depi nan Digicel Stars m ap bowling

Vwa m inik
Stil inik
Vibe inik
No limit
M ka fè w jwi chak minit

Elles m'imitent
Très minime

Enspirasyon yo fini al fè remix

Yow
Full Package
Tizè fou paske
G on jan m fout poste
Gade one shot tchoup Baskèt

M fout tout Casse-tĂŞte
Vava true hustler

M brase pou m kite yon legacy
Ou brase pou respè m
Boston MIA western
Bwa mare
Street la temwanye m respè
Pa teste m pèdi yon testè

M rap m chante m konpa m dancehall
Afro beats expert

Toujou poze pa vle di m pè nou youn
Mache konpare n avè m p ap fè nou MOUN

M pare pou nenpòt lè n ta nan Mood
N ap pran pòz nou renmen m nivo jalouzi sa plis ke lanmou

Tigwav kanpe dèyè m
Tout real yo an n ale
M te piti kounya m grandi
yo pa pran timoun nan lame

Jwèt la fini
Are you ready pou fim dyab la?
Dan Dan Dan
Pwofil djazz la