🎵
Adikte by Rutshelle Guillaume album cover
Lyrics
Mwen se siwo, li se foumi
Mwen menm avè l, youn rale lòt
Yo di m awoyo, poutan, kè m toutouni
Zanmi aprè l, m pa wè ki lòt

Tout sa m dòmi reve, m jwenn li nan misye, nan misye
Se sèl ponpye k rive etenn dife m

(Mwen adikte)
(M kole)
Depi m fèt, yo resi jwenn bout mwen
Lanmou l pran m, li vire m tounen m

(Mwen adikte)
(M kole)
Depi m wè l, dlo koule nan bouch mwen
Mezanmi! bagay sa a twòp pou mwen

M anvi kouri, kote m pral kache?
Kou m tande vwa l, kè m deraye
Se pa premye fwa m damou (non)
Se pa foli, ni dwog, m pa sou
Jan l kontwole lespri m, li anvayi m

(Mwen adikte) oh-oh
M kole
Depi m fèt, m resi jwenn bout mwen
Lanmou l pran m, li vire m tounen m

Mwen adikte
M kole
Depi m wè l, dlo koule nan bouch mwen
Mezanmi! bagay sa a twòp pou mwen

Lanmou ka fè de pye w vin lou
Kè w ranpli, li fou
Sispann gade toupatou, toupatou, doudou
Thought I wouldn't love again
Suddenly I fell for that man, oh-oh-oh

Men Konpa
MAES
Groove sa gou
Li gou pou l gou pou l gou l gou, li tankou gouyad
Ey, ey

Se chak moun ki g on adiksyon (se chak moun, oh-oh)
Gen moun, se travay, gen moun, se lajan
Gen moun, s on bon afeksyon

(Se chak moun) se chak moun ki g on adiksyon (oh-oh)
Gen moun, se chicha, ti sesi-sela
Gen moun, se ti bagay la

Oh-oh-oh
Mwen di, mwen di men Konpa
Wouw!
Gad on dezòd!
Men dezObri k ap danse wi
Men Konpa
Danse danse w

Mwen adikte
M kole
Depi m fèt, yo resi jwenn bout mwen
Lanmou l pran m, li vire m, tounen m

Mwen adikte
M kole
Depi m wè l, dlo koule nan bouch mwen
Mezanmi! bagay sa a twòp pou mwen