🎵
DGU (Don't Give Up) by Rutshelle Guillaume album cover

DGU (Don't Give Up)

by Rutshelle Guillaume

Lyrics
La vi a son boul kap woule
Ou pa Konn kote lap kanpe
Kouran k pou Fè w briye
Motè a mind ou li ye
Pa bliye ke n se pasaje
Di m pouki pouw dekouraje
Saw reve e byen komanse
Pou l fèt byen lap pran tan
Tout sak make mond lan
Se travay pasyans ak talan
Pa dekouraje
Se toujou kenbe
Se volontew ki pou pousew
Kwè nan rev ou wap fèl yon jou
Pa dekouraje
Viv se espere
Ti pa ti pa pouw Avanse
Lèw panse lwen ou k pre
Pa kite pwoblèm vin dekourajew zanmi
Don't give up
La vi son konba ou son bon solda fanmi
Don't Give up
Pa kite blabla moun pale bloke w zanmi
Don't Give up
Sky is the limit push til you make it
Depi w vle wap reyalize l
Pa dekouraje
Se toujou kenbe
Se volontew ki pousew
Kwè nan rev ou wap fèl yon jou
Pa dekouraje
Viv se espere
Ti pa ti pa pouw Avanse
Lèw panse lwen ou ka pi pre
Atansyon Atansyon
M pral aprann yon lesson
Pozisyon Pozisyon
Mare senti w gason
Atansyon Atansyon
M pral aprann yon lesson
Pozisyon Pozisyon
Fanm vanyan an avan
Siw tombe
Ah Leve pyew Degajew kanpe
Siw frape frè m
Ah Leve pyew degajew Kanpe
Se pa plenyen
Non
Yenyen yenyen
Non
Sispan plenyen
Non
Yenyen Yenyen
Stop

Soeur Guillaume
Banm pale avè yo
Bon bon bon bon men konpa chanpyon an
Manman manman
Men pawòl Anpil laa
Bwa Mare
Konpetisyon wi
Bwa mare
Se pa dan kap griyen
Bwa Mare
Pouw ka champion
Bwa mare
Se pouw jwe pouw genyen
Baw Mare
Se plede ap yenyen
Bwa mare
Tout jounen wap yenyen
Bwa mare
Sispann Plenyen
Yenyen stop
Don't Give Up
Back to work
Epi Jay Keyz
Mete sòs sou Manje a
Don't give up inna the fight ya
Never stop inna the fight
Never stop inna the fight
Jay keys
Men nou wi
Ou wè laa
Men nou pi rèd
Jan sos saa gou laa nap Mande double wi Jaykeys
Re re pranl Ankò